Nan kad yon gwo ankèt sou jesyon fatra nan komin Sen Rafayèl, NouNetwaye ap rekrite anketè pou patisipe nan koleksyon done sou teren.
N AP REKRITE :
7 Anketè
4 Fi
3 Gason

OBJEKTIF ANKÈT LA
Ankèt la ap fèt sou :
Kijan yo jere fatra nan kay yo
Kijan yo jere fatra nan biznis yo
Kijan yo jere fatra nan mache piblik la
Kijan yo jere fatra nan lari a
KRITÈ POU APLIKE
Fò w gen eksperyans nan fè ankèt deja
Fò w byen konn kominike klè kreyòl ak fransè
Fò w gen yon telefòn Android
Fò w gen abitid itilize lojisyèl ankèt (Kobo, ODK, elatriye)
Fò w se etidyan nan premye ane Inivèsite oswa ou gen NS4
Si w se manm CONGE/KONJE, sa se yon gwo avantaj ( Ou dwe ka pwouve sa ak yon dokiman ekri pa kowodinasyon an).
DOSYE POU SOUMÈT
Dosye a dwe genyen :
Lèt motivasyon
CV
Kopi kat idantite
Nimewo telefòn aktif
Mansyone zòn ou soti a

📩 Voye dosye yo avan 22 Mas 2026 nan adrès imèl sa:
nounetwaye26@gmail.com